Detay Pri yo

Detay solisyon nou ofri yo

MAAS (Plan mwa pa mwa)

Sa se yon plan ou peye chak mwa ki gen ladan l web design, ebèjman ak sipò teknik. Plan sa bon pou biznis, òganizasyon oswa moun ki bezwen yon sit web san yon pa bezwen sipò an pèmanans, chanjman vire tounen mentans ak nouvo fonksyonalite. Sit sa ap adapte pou tout gwosè ekran, l ap ka gen jiska 10 paj ki fèt nan gou w. Sipò teknik 7 jou sou 7. Jiska 10 imèl pwofesyonèl. Fòmasyon pou w ka jere sit web la. Yo paka bat pri nou yo, nou sèvi ak teknoloji dènye kri, sèvis nou pa gen rival.


Everything (Plan pou yon ane)

Sa se yon plan pou ane a ki gen de opsyon pèman: yon fwa oswa pandan 12 mwa ane a. Plan sa gen landan l web design ak devlopman konplè, ebèjman ak mentans, mizajou sekirite ak siveyans, entegrasyon vann an liy, sipò nan Marketing, imèl pwofesyonèl san limit, Priyorite nan sipò teknik. Fòmasyon toutan sa nesesè pou nouvo fonksyonalite.

Plan sa bon pou biznis, òganizasyon oswa moun ki bezwen yon prezans konplè sou entènèt la ak mizajou oswa nouvo fonksyonalite souvan ak sipò estratejik. Gen yon rabè 20% lè w peye yon fwa parapò ak plan peye pandan 12 mwa a.


Projè (Peye yon pwojè)

Sa se yon plan ou peye yon fwa pou yon sèvis oswa yon pwojè selon konplikasyon an. Pwojè a ka gen ladan l Konsiltasyon nan domèn Teknoloji, Lojisyèl, Aplikasyon Mobil,Devlopman sit web, Optmize presans ou sou motè rechèch yo (SEO), Marketing sou rezo sosyal, Sit pou vann an liy, Aplikasyon nan tèminal òdinatè, Fòmasyon nan domèn teknoloji, seminè an liy...elatriye. Pri yo varye selon gwosè pwojè a, fonksyonalite yo, ak konplikasyon l.