Enfòmasyon sou TekEnfo

Byenvini sou TekEnfo

Jodi a monn nan enfòmatize, li konekte, biznis kap mache ak papye oubyen biznis ki sou yon sèl òdinate pap fè kantite pwofi yo ta dwe fè a ni yap pap jwenn kantite kliyan yo reve a

Eske w te konnen grasa yon sit entènèt, mon toupatou nan mond lan gen aksè ak enfòmasyon ou mete sou sit ou a ? Kit se yon lekòl, yon radyo, yon biznis, yon legliz, yon mouvman sosyal ak anpil lòt bagay toujou, ou ka ogmante kantite moun ki gen aksè ak sèvis wap bay la gras ak yon sit entènèt. Men èske w te konnen tou se pa tout sit entènèt ki ap baw viziblite ak lodyans ou merite a. Sou pwen sa TekEnfo gen solisyon pou ou. Kèlkeswa sit la, pou kèlkeswa aktivite a, TekEnfo ap baw yon sèvis ou pap jwenn ankenn lòt kote epi ak pri piyay.

Plis Detay

Kiyès nou ye

Nou se TekEnfo

Nou travay men nan men ak kliyan nou yo, se kòmsi se ou ki tap fè pwojè w la tèlman nou metew okouran sou tout faz nan pwojè a

Anpil konpayi nan domèn nan itilize ide ou ba yo a an gwo epi apre kèk tan yo pote yon pwodi montre w pou w di si w dakò. TekEnfopa konsa. Ou an kontak dirèk ak enjenyè kap travay sou pwojè w la, se moun ki kalifye e ki gen eksperyans nan domèn nan. Konsa, chak pa ki fèt nan pwojè aou gen aksè a wè l e si w vle yon chanjman ou ka mandel touswit. Pwoksimite kliyan an ak Ekip nou an se sa ki fè TekEnfo diferan, li bay pi bon sèvis epi li pi rapid.

Plis Detay

1200

Pwojè Nou fè deja

3210

Kliyan ak kè kontan

3781

Moun nou bay sèvis anapre

4300

Kesyon nou reponn

Sèvis nou

Sèvis nou nan domèn teknolojik pa gen limit. Nou fè konsiltasyon, sa vle di siw ou gen yon ide men ou pa konn sa ou bezwn pou materyalizel nou baw bonjan gid pou edew oryante w


Bèl sit web ki mache sou tout aparèy

Fè sit web ou a orijinal, lap fè saw vle janw vle.
Ou ka chanje Background oubyen koulè nenpòt lè w vle. Siw paka fè sa poukòw, sèvis mentnans nou ap fè sa pou ou.

  • Mete seksyon w vle
  • Mete efè ki epate moun
  • Mete logo ak ikonn
  • Pentiw ap na menw pou w bay koulè w vle
Plis Detay

Orijinalite nou

Sèvi ak TekEnfo se tankou ou te sipèvize yon gwoup enjenyè, yap travay pou ou epi baw rapò.
Kontak dirèk ak enjenyè yo fè travay ou mache pi vit!

  • Nou fè sit sou WordPress

    Ou bezwen yon sit byen vit, ki pap gen konplikasyon oubyen touch pèsonèl ou. Nap kreyel pou ou ak WordPress

  • Sit pou tout Navigatè

    Ekspè nan TekEnfo travay pou sit oubyen aplikasyon w lan mache sout tout navigatè, ni ansyen ni nouvo

  • Nou fè sit pou eCommerce

    TekEnfo ap fè sit boutik/komès epi nou ofriw fleksibilite nan plan yo

  • Sit yo fasil pou navige

    Nou fè sit you fasil pou navige epi yo fasil pou mèt yo mete touch pa yo si yo vle

  • Chwazi koulè w

    Koule fè orijinalite ak bote. kidonk nou pa limite koulè w

  • Gen tout plan

    Nou pa kite w poukòw apre nou fin baw sèvis lan. Nou ede w pran swen l selon bezwen w ak konplikasyon yo

  • Nou adapte pou SEO

    Sit wèb ou an ap fasil pou jwenn lè yon moun chache sa k gen rapò avèl sou Google

  • Kòd nou senp epi yo efikas

    Enjenyè yo kalifye epi yo gen eksperyans. Yo kreye kòd senp men ki efikas

Temwanyaj

Se yon gwo plezi pou nou pataje Temwanyaj kliyan nou yo! Nou pwofite di yo mèsi anpil!
Ann wè sa moun ki jwi sèvis TekEnfo di sou nou!